Changer les mentalités d’un peuple n’est jamais une chose facile et lorsqu’on se dit militant pour le changement c’est encore une grande responsabilité personnelle. En effet, si un seul individu pouvait tout seul faire de la politique et militer tout seul sans avoir à établir le contact avec personne ou aucun autre groupe que lui-même,…
Étiquette : Edikasyon ak Demokrasi
Nan kategori sa a ki Rele Edikasyon ak Demokrasi, m ap piblye yon seri tèks ak refleksyon m fè sou Rejim Politik, Rejim Ekonomik ak Rejim Sosyal yo Rele Demokrasi a. Mwen eseye desann byen lwen nan manman vant definisyon yo bay Konsèp sa a epitou, m pwal konpare plizyè rejim Demokrasi ki egiste pandan m ap chache wè, ki jan rejim ak Modèl Fòm Demokrasi sa yo ta ka sanble ak fòm rejim gwoup ki pran pouvwa nan peyi Dayiti yo eseye Rele Demokrasi a.
Prèske tout politisyen ayisyen ki di y ap defann demokrasi gen yon lòt ideyoloji nan tèt yo alòske yo di Yo Se Demokrat. Pi fò nan yo, koumanse pa prezidan peyi a, Jozèf Michèl Mateli di filozofi l oubyen ideyoloji l se Divalyeris menm si pèsonn pa konn ki sa sa vle di egzakteman; Bò kote pa l, ansyen Prezidan peyi Dayiti, Jan Bètran Aristid di Filozofi pa l se Lavalas, yon mo pèsonn pa konn sa l vle di tou. Menm Jan Klod Divalye yon ansyen Diktatè, mete sou paj fesbouk li ke l se divalyeris.
Si m ta pran tout lòt pèsonaj politik nan Peyi Dayiti, se t ap menm bagay paske ni youn ni lòt pa ka di si yo se demokrat oubyen si ideyoloji yo se demokrasi. Poutan lò yo devan tribin politik yo, yo toujou ap di yo se demokrat e y ap travay pou demokrasi.
Nan fon kè politisyen ayisyen k ap fè politik aktyèlman an Ayiti pa konn G A Ga nan fèy Malanga Demokrasi a.
Se pou tèt sa, seri Tèks kreyòl sa yo sou demokrasi dwe sèvi moun k ap reflechi epi moun ki deside fè politik nan Peyi Ayiti tankou: Jèn Inivèsitè, Jèn Elèv Lekòl, Jèn òganizasyon Popilè, Jèn Komite katye yo, Jèn pou defann Dwa Moun, òganizasyon peyizan, òganizasyon ti machann, òganizasyon ak sentika travayè elatrye…, pou yo gen zam ideyolojik pa yo pou kouri dèyè vagabon ki ta sòti pou trennen peyi a ak pèp la nan labou.
Tèks sa yo se yon enstriman ideyolojik ki ap pèmèt tout lidè òganizasyon kominotè yo diskite règchèch ak nenpòt moun ki vle fè l pase pou entèlektyel oubyen save.
Mwen ta menm anvi rele tèks sa yo Zouti militan tèlman gen anpil lide ladan yo ki sòti nan kalbas tèt mwen ansanm ak lòt ki sòti nan gwo liv ke se sèl moun ki al nan inivèsite ki abitye pale de yo.
Bri kouri, Nouvèl Gaye. Chache bon jan bon lide, epi al Simaye l bay pèp la.
Siyen :
Èman Sebè
Vous devez être connecté pour poster un commentaire.