Boujwazi kras sous kras


Boujwazi kras sous kras

Le philosophe éveillé
expérience de la solitude

Leve kanpe, mache chèche, janbe dlo pa kite tras

Travèse kannnal, jete panyen ranmase krab

Soti taba, moute laboul, vòltije boutilye

Moute poto mete linèt se sa w fè pou wè anba

Louvri tiyo, mande kòk lakou lave machin

Biye kou konpè kòk ak bòs pan

Pafimen latèopye, moute oto desann nan pak

Men relasyon w genyen ak lakay ou

Mari salòp, mouche salòp

Pafen sou labou, gwo vès gwo chaplè

Chèn lò ak goumèt dyaman

Kras sous kras, bèl flè san zodè

Peyi w se peyi w, peyi w se peyi m tou

W ap gade anwo m ap tann ak tande w anba

Ou pwomennen ou pwomennen, di m sa w wè

M pa kwè w te wè  w

pa t ka fè

Mawon mawonnen, kòde dekòde

Lage trip simaye kasav ak rapadou

Lakay ou lakay, fwa sa a pap gen kouri

Devan bawon se la tout kadav pase

Hermann Cebert

Votre commentaire

Choisissez une méthode de connexion pour poster votre commentaire:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.