Les limites de la démocratie en Occident c'est que cette démocratie a peur de son ombre lorsqu'elle est en contradiction avec elle-même. Alors, elle devient violente, méchante, criminelle
Kokenn chenn Operasyon degèpisman, Ekspwopriyasyon Rejim Mateli-Lamòt la koumanse nan ri channmas, nan ri lareyinyon ak tout anba lavil la se veritab pwojè ekstèminasyon boujwazi milat peyi Dayiti a te toujou genyen depi lontan pou l fout tout pòv malere pòtoprens yo deyò nan vil la.
Alòs nou konnen, nan peryòd kote enflasyon ki ap galope, moun ki gen byen tankou kay, pa dwe vann byen yo paske lajan y ap resevwa a se zòrèy bourik, tèlman lajan sa a pa vo anyen. Sa nou konstate jounen jodi a se yon gouvènman ki chita sou rasis ak prejije ki deside fòse pèp la vann tout byen kay ak tè li genyen bay gouvènman an ansanm ak bay boujwazi milat la.
Anyen pa planifye, gouvènman pa bati okenn lòt altènatif pou ti malere sa yo e li deside lage yo nan lari kote milisyen tonton makout wòz tèt kale yo ap vòlò, dechèpiye epi bastonnen pitit pèp la nan pòtoprens. Mete sou sa, se anpil timoun ki pa gen kote pou yo dòmi ni etidye alòske yo anpil nan yo ap prepare ekzamen lékòl pou yo ta fini lane lekòl yo.
Menm jan ak Nazi yo te fè ak pèp jwif la nan peyi lalmay, Solisyon Final rejim mateli ak lamòt la gen yon sèl objektif, se depafini e ekstèminen moun ki pi pòv nan peyi a paske yo vle fòse moun nwa nan pòtoprens yo kite vil la pou yo al viv andèyò nan zòn ki pa gen okenn enfrastrikti ak travay. Réjim apated mateli a pa gen pitye pou pèp la, yo ap pwofite achte bon mache pou yo bati gwo bèl chato, gwo otèl, gwo bilding plizyè etaj pou lwe bay moun ki gen lajansèlman kote pitit pèp pap menm gen chans ak mwayen pou l ta ka lwe oubyen achte nan men yo apre.
Sitwayen onèt ak militan konsekan k ap goumen tout bon vre pou pèp la dwe denonse Sitiyasyon mapyang ak chanpwèl sa a devan lemnn ak devan tout òganizasyon entènasyonal k ap defann dwa moun ak diyite moun epi, mande òganizasyon entènasyonal sa yo pou yo louvri yon ankèt sou trezaksyon vòl ak kadejak Prezidan Mateli ak Premye Minis Loran Salvadò lamòt ap fè sou mas pèp la.
Réjim makout Wòz Jozèf Michèl Mateli ak Loran Salvadò Lamòt la ap pouse pèp la jounen jodi a pou l leve kanpe rele koukouwouy dèyè l akòz fason l ap pran kay ak tè moun nan ri channmas yo. Gouvènman an pa bati okenn lòt kay bay popilasyon anvan l te koumanse operasyon kraze brize ak vòlè byen ti malere nan ri channmas yo ak anba lavil la.
Operasyon vòlè byen pèp la tankou bourik chaje pa kanpe paske rejim san manman mateli ak lamòt la sanble blije fè sa vit pandan ti nèg po wouj petyonvil yo sou pouvwa a. Yo pwofite pran byen pèp la e mete yo nan lari de bwa balanse, nan mitan pousyè, anba flanm solèy ak lapli alòs moun sa yo te gen kay yo ak byen yo men jounen jodi a yo ap viv anba tant.
Rejim mateli a ap pran byen pèp la pou bay yo bay boujwazi a blan je vèt ak moun blanch petyonvil yo. Pwojè demolisman kay ti malere yo sanble tèt koupe ak operasyon touye kochon kreyòl peyi a janklod divalye te mete sou pye ansanm ak konplisite gouvènman ameriken nan. Men lè n konsidere jan rejim mateli ap fin depafini ti malere yo, sa moutre klè kou dlo kòk ki volonte rejim milat mateli lamòt deside ekstèmine mas pèp la. Malfektè divalyeris yo vle kenbe pèp la nan grangou ak nan fatra.
Manje toujou pi chè nan peyi a, alòs ti klik mateli ap enpòte manje ak viv pou gran mesi men pri machandiz yo pa janm bese. Olivye Mateli ansanm ak bèlmè l ak bòpè l yo ap fè milyon nan enpòtasyon tout bagay san peye taks ak sèvis ladwann; loran lamòt ak konfyolo l yo ap vann byen peyi a bwote lajan peyi a al sere nan bank etranjè; pliizyè minis ak konseye ap vòlè epitou sere lajan yo panama, brezil, jamayik ak nan plizyè peyi an afrik.
Minista ap fè kontrebann, polisye ap vann dwòg ak kokayin, al pran viza nan anbasad e revann viza sa yo pou ven ak trant mil dola ameriken san konte, voras ak bouras lajan rejim na deja vòle nan kès leta. Madan mateli, sofya mateli ansanm ak plizyè timoun li yo nan dil dwòg nan tout petyonvil ak jakmèl.
Devan sitiyasyon malouk sa a peyi atwouve l la a, fòk tout militan konsekan desann sou beton pou apiye malere nan ri channmas yo ansanm ak tout moun ki pèdi e k ap pèdi byen yo anba lavil la pou fòse rejim makout milat ti wouj petyonvil yo remèt moun yo tout sa yo pèdi yo.
Vagabonday rejim mateli ak lamòt pwal moute nan fò nasyonal, nan avni poupla, al nan kriswa, nan dèlma 24, dèlma 30, nazon, sanfil, kalfou peyan, matisan, bizoton ak kalfou e nan tout zòn pòtprens la. Se pou pèp la kanpe e leve kanpe kounye a anvan l twò ta.