Edikasyon ak Demokrasi Nan peyi Ayiti


Nan kategori sa a ki Rele Edikasyon ak Demokrasi,  m ap piblye yon seri tèks ak refleksyon m fè sou Rejim Politik, Rejim Ekonomik ak Rejim Sosyal yo Rele Demokrasi a. Mwen eseye desann byen lwen nan manman vant definisyon yo bay Konsèp sa a. M pwal konpare plizyè rejim Demokrasi ki egziste pandan m ap chache wè, ki jan rejim ak Modèl Fòm Demokrasi sa yo ta ka sanble ak fòm rejim gwoup ki pran pouvwa nan peyi Dayiti yo eseye Rele Demokrasi a. Prèske tout politisyen ayisyen ki di y ap defann demokrasi gen yon lòt ideyoloji nan tèt yo alòske yo di Yo Se Demokrat. Pi fò nan yo, koumanse pa prezidan peyi a, Jozèf Michèl Mateli di filozofi l oubyen ideyoloji l se Divalyeris menm si pèsonn pa konn ki sa sa vle di egzakteman; Bò kote pa l, ansyen Prezidan peyi Dayiti a, Jan Bètran Aristid di Filozofi pa l se Lavalas, yon mo pèsonn pa konn sa l vle di tou. Menm Jan Klod Divalye yon ansyen Diktatè, rive ekri e mete sou paj fesbouk li ke l se divalyeris. Si m ta pran tout lòt pèsonaj politik yo … Continuer de lire Edikasyon ak Demokrasi Nan peyi Ayiti

Boujwazi Milat Peyi Dayiti a ap Ekstèminen Moun Pòv nan Vil Pòtoprens Peyi Dayiti


Kokenn chenn Operasyon degèpisman, Ekspwopriyasyon Rejim Mateli-Lamòt la koumanse nan ri channmas, nan ri lareyinyon ak tout anba lavil la se veritab pwojè ekstèminasyon boujwazi milat peyi Dayiti a te toujou genyen depi lontan pou l fout tout pòv malere pòtoprens yo deyò nan vil la. Alòs nou konnen, nan peryòd kote enflasyon ki ap … Continuer de lire Boujwazi Milat Peyi Dayiti a ap Ekstèminen Moun Pòv nan Vil Pòtoprens Peyi Dayiti

Tonton Makout, Gwo Ponyèt, Kraze Brize: rejim Jozèf Michèl Mateli ak Loran Salvadò Lamòt pa la vle planifye aksyon l yo


Janklod Divalye te renmen di pitit tig se tig, dapre sa k ap pase nan koze rekonstwiksyon pòtoprens, espesyalman ak operasyon eskanpe figi kapital peyi a, rejim mateli a montre se nan kraze brize, gwo ponyèt l ap rive demoli tout kay moun yo nan ri channmas. Kòm kwa dire, okenn moun nan gouvènman milat mateli a pa vle pran lapenn pou planifye aksyon gouvènman an. Poutan, tout moun sanble dakò sou lide rekanpe pòtoprens ansanm ak tout lòt vil nan peyi a men, bèl lide sa a te dwe byen planifye tankou: chache tè ki disponib nan vil la oubyen nan zòn ki viwonnen Pòtoprens yo, koumanse konstwi kay ak enfrastrikti pou enterese moun yo al viv nan yo epi, mande moun yo al rete nan zòn sa yo e si yo pa ta vle, lè sa a gouvènman an ta ka koumanse deplase moun yo e kraze kay li achte yo. Malerezman, jan bagay yo ap fèt la a sanble tèt koupe ak jan divalyeris yo te abitye fè nan peyi a, Gwo ponyèt ak kraze brize. … Continuer de lire Tonton Makout, Gwo Ponyèt, Kraze Brize: rejim Jozèf Michèl Mateli ak Loran Salvadò Lamòt pa la vle planifye aksyon l yo