Les limites de la démocratie en Occident c'est que cette démocratie a peur de son ombre lorsqu'elle est en contradiction avec elle-même. Alors, elle devient violente, méchante, criminelle
Nan kategori sa a ki Rele Edikasyon ak Demokrasi, m ap piblye yon seri tèks ak refleksyon m fè sou Rejim Politik, Rejim Ekonomik ak Rejim Sosyal yo Rele Demokrasi a. Mwen eseye desann byen lwen nan manman vant definisyon yo bay Konsèp sa a.
M pwal konpare plizyè rejim Demokrasi ki egziste pandan m ap chache wè, ki jan rejim ak Modèl Fòm Demokrasi sa yo ta ka sanble ak fòm rejim gwoup ki pran pouvwa nan peyi Dayiti yo eseye Rele Demokrasi a.
Prèske tout politisyen ayisyen ki di y ap defann demokrasi gen yon lòt ideyoloji nan tèt yo alòske yo di Yo Se Demokrat.
Pi fò nan yo, koumanse pa prezidan peyi a, Jozèf Michèl Mateli di filozofi l oubyen ideyoloji l se Divalyeris menm si pèsonn pa konn ki sa sa vle di egzakteman;
Bò kote pa l, ansyen Prezidan peyi Dayiti a, Jan Bètran Aristid di Filozofi pa l se Lavalas, yon mo pèsonn pa konn sa l vle di tou.
Menm Jan Klod Divalye yon ansyen Diktatè, rive ekri e mete sou paj fesbouk li ke l se divalyeris.
Si m ta pran tout lòt pèsonaj politik yo nan Peyi Dayiti, se t ap menm bagay la konsènan ideyoloji yo paske, ni youn ni lòt pa ka di si yo se demokrat oubyen si ideyoloji yo se demokrasi.
Poutan, lò yo devan tribin politik yo, yo toujou ap di yo se demokrat e y ap travay pou demokrasi tabli nan peyi a men, okenn nan yo pa ka di ki modèl ideyoloji yo genyen vrèman.
Nan fon kè politisyen ayisyen k ap fè politik aktyèlman an Ayiti pa konn G A Ga nan fèy Malanga Demokrasi a.
Se pou tèt sa, seri Tèks kreyòl sa yo sou demokrasi dwe sèvi moun k ap reflechi epi moun ki deside fè politik nan Peyi Ayiti tankou:
Jèn Inivèsitè, Jèn Elèv Lekòl, Jèn òganizasyon Popilè, Jèn Komite katye yo, Jèn pou defann Dwa Moun, òganizasyon peyizan, òganizasyon ti machann, òganizasyon ak sentika travayè elatrye…,
pou yo gen zam ideyolojik pa yo pou kouri dèyè vagabon ki ta sòti pou trennen peyi a ak pèp la nan labou diktati ak otoritaris gwo ponyèt.
Tèks sa yo se yon enstriman ideyolojik ki ap pèmèt tout lidè òganizasyon kominotè yo diskite règchèch ak nenpòt moun ki vle fè l pase pou entèlektyel oubyen save.
Mwen ta menm anvi rele tèks sa yo Zouti Militan tèlman gen anpil lide ladan yo ki sòti nan kalbas tèt mwen ansanm ak lòt ki sòti
nan gwo liv ke se sèl moun ki al
nan inivèsite ki abitye pale de yo.
Bri kouri, Nouvèl Gaye. Chache bon jan bon lide, epi al Simaye l bay pèp la.