Les limites de la démocratie en Occident c'est que cette démocratie a peur de son ombre lorsqu'elle est en contradiction avec elle-même. Alors, elle devient violente, méchante, criminelle
Janklod Divalye te renmen di pitit tig se tig, dapre sa k ap pase nan koze rekonstwiksyon pòtoprens, espesyalman ak operasyon eskanpe figi kapital peyi a, rejim mateli a montre se nan kraze brize, gwo ponyèt l ap rive demoli tout kay moun yo nan ri channmas. Kòm kwa dire, okenn moun nan gouvènman milat mateli a pa vle pran lapenn pou planifye aksyon gouvènman an. Poutan, tout moun sanble dakò sou lide rekanpe pòtoprens ansanm ak tout lòt vil nan peyi a men, bèl lide sa a te dwe byen planifye tankou: chache tè ki disponib nan vil la oubyen nan zòn ki viwonnen Pòtoprens yo, koumanse konstwi kay ak enfrastrikti pou enterese moun yo al viv nan yo epi, mande moun yo al rete nan zòn sa yo e si yo pa ta vle, lè sa a gouvènman an ta ka koumanse deplase moun yo e kraze kay li achte yo.
Malerezman, jan bagay yo ap fèt la a sanble tèt koupe ak jan divalyeris yo te abitye fè nan peyi a, Gwo ponyèt ak kraze brize. Metòd sa yo dwe chanje sitou lè nou ap di, nou vle mete kanpe yon demokrasi fò nan peyi a. Gen lè demokrasi santi fò mateli a se yon demokrasi kout baton ak kokomakak, kon di m te di l nan koumansman tèks sa a, Mateli divalyeris se mateli tonton makout ki deja ansasinen, anpwazonnen, arete, maspinen, touye san jijman anpil inosan nan peyi a. Makout se Makout, Pitit tig se tig. Ventenyen, tranteyen se menm tenyen an. Anyen pa chanje nan metòd ak nan estrateji rejim Jozèf Michèl Mateli a.
Nan peyi Dayiti, pèsonn pa vle planifye. Pèsonn pa vle pran lapèn pou konsilte dokiman ak pwojè ki te kache na tiwa ansyen gouvènman ak administrasyon pase yo. Yo tout kwè yo se revolisyonè epitou, yo ta vle se non pa yo ki pou parèt kòm premye batisè peyi a. Si rejim mateli a te fouye e chache zo nan kalalou, li t ap dekouvri pwojè tiwa Evenns Pòl Kplim te genyen pou l te rekonstwi kay nan Pòtoprens. Selon lide Kplim te genyen an, se te mete bèl kay kanpe, mete moun yo nan bèl kay sa yo. Konsa, an menm tan gouvènman ap bati kay, bèl kay ak nouvèl lòt kay, gouvènman t ap bay moun yo asirans ke li pap fè bouyi vide oubyen kraze brize, ni non plis ke l ap itilize zam ak vyolans. Si gouvènman Mateli a te vle bagay yo pase byen, se konsa li t ap fè.
Lè n pran san n pou n reflechi sou veritab entansyon rejim mateli ak lamòt la nan fason y ap opere plizyè pwojè ak plizyè pwogram, espesyalman nan zafè pwojè rekonstwiksyon kay nan ri channmas, nou rann nou kont, operasyon kraze brize kay nan ri channmas yo se yon pwojè mache prese, bourik chaje pa kanpe. Chay ki sou do bourik la se rejim mateli a ki fin vann tout zòn anba lavil la bay blan ansanm ak bay kèk gwo palto boujwazi je vèt nan petyonvil.
Chalè gouvènman mateli a gen nan dengonn li a sanble kou de gout dlo ak yon pwojè pran kann ban m janb janklod divalye te mete sou pye lò yo t al touye tout kochon kreyòl peyi a. Kidonk, mateli ak lamòt ap mete moun dèyò nan pòtoprens pou yo konstwi gwo otèl ak gwo komès. Sa fè n kwè ke nan ane k ap vini la yo, anpil moun ap bezwen paspò ak viza pou yo vin viv e abite pòtoprens. Mateli ak lamòt deside fout pifò moun deyò pòtoprens e menm jan li difisil pou yon Aysyen jwenn viza ameriken, visa kanadyen ak franse anpil moun k ap viv nan vil pwovens yo pwal gen difikilte pou yo vin viv nan kapital peyi paske milat yo ak divalyeris p ap kite yo jwenn viza pòtoprens lan.