Alòs tonton Sam,
Timoun yo te konnen,
vwazinay t ap veye,
kase fèy kouvri sa
Dosou pa marasa
De dwèt long kwaze
Zandolit ak mabouya
Fil arenyen pou kwape mouch
Alòs Tonton Sam,
FBI, CIA, Bil kache dèyè
Vire pòch lanvè
Ganmèl al kay kiyè
Si w la, di m ou la
Filalang ou lasisin
de ran dlo de ran larim
dyòl blanch de bòkyè
Vant pa sèl, ou konn sa ti sama
vesèl biblo, sen jòj sen jòj
dwategòch pran plim woulibè
anpil pikliz sou akra a
Bandi legal se pwen gangan te bay
Vyann nan kankannen tèt dlo
Zo devan zo dèyè mis bouda
manman n sou do lopital
Alòs tonton Sam
Se vre ou se pa vre
m manti oubyen ou pa manti
Fòk ou vanse, pa gen fè bak.
Boutilye ansapit, fisi fèmat, bwamonkèt
galil, fizi wouzi, fon vèrèt, fonparizyen
madangano, montaynwa vivimitchèl
Alòs tonton Sam, kote w vle rive
Vizite peristil, fouye twou
Ti rene se gate manje,
kou sou kou bare koukou
Alòs Rès la se pou nou.
Hermann Cebert
En savoir plus sur Le Vrai Discours Actuel de Hermann Cebert
Abonnez-vous pour recevoir les derniers articles par e-mail.