Tan ki pa tan


Mwen di tan an, tan letan ki pa tan n

Mwen di letan men letan Ki pa t ka tann

Gen letan, tan ki tan n ki pase devan n

Dantan lan tan ban n janm pran kann

Men letan gen tan pran tan l anvan n

Bat dlo pou fè bè, laye van pou vannen van

Volontè lage latè, pou l fè lagè ak frè n

Raketè, woulibè, gran manjè, pinchen kè n

Tèt kale kale tèt ti lepè ak boul bòlèt

Zwit pitit pitimi san gadò dòmi san kado

Gras mari gras, jete dlo, pou chase zodè

Lapli tonbe, dlo desann, larivyè desann

Volontè desann, lavalas desann

tèt kale desann, tiwòz desann

Timoun nan lari, jèn nan lari

Gran moun nan lari, fanm nan lari

aryen n pa sove , anyen n pa p sove.

Mwen di letan tan lontan ki pa ko tan n

Bòn letan bò letan van lontan pa vle tann

Fòs nou desann, kouray koure kochon n

Bourik pa ranni, mabouya pa gouye

vè kale vè sitwon si ak zoranj si

Men se fèy papay pou lave vyann di

Ti zwazo kote ou pwale, mwen pwale lafiyèt lalo

Rele ti zwazo pou mwen, vit kolonbrit, vit konlonbrit

Aganman malpalan lave ranse listwa bwa kayiman

Vètyè labadi ti nèg lafòsèt kanpe deran bra pandye

moun nan nò pa manje pitimi rete gade wè

Vit kolonbrit kabrit pa tomazo, tripotay kay piram

 

Hermann Cebert


En savoir plus sur Le Vrai Discours Actuel de Hermann Cebert

Abonnez-vous pour recevoir les derniers articles par e-mail.

Votre commentaire

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.