
Bòkò voye m kay gangan
Gangan voye m ka manbo
Manbo voye m kay divinò
Divinò di m se malfektè
Malfektè di m chanpwèl
Chanpwèl wounsi kanzo
Wounsi di bann zobop
Zobop di m se mazanza
Mazanza di bagay dyab
Lwa pran m, mistè pran m
Ginen rantre nan kay la
Ason kay la, pwen kay la
Bouji wouj, bouji blan bouji nwè
Dyakout lekba, mouchwa dantò
Sèvi freda, salywe agwe, jete dlo
Frèt kach pou gran chimen
Limen limyè pou ogou feray
Twa ponyen tè, zany lan rantre
bat kata Woule tanbou
Kata Petro pou danbala
Lwa koulèv pou marasa
Trase vèvè, limen chandèl
Wouze lakou, salye kalfou
Rele lwa a mande lespri a
Limen boukan, janbe dife
Sòti ason, rele zantray
Lave chodyè, kase krich la
Kote bèl fanm dantò a
Zile a la, wi papa!
Pwal gen rèl ka makorèl
Kay la malad, moun yo malad
Janbe baryè boutèy al limonad
Di moun yo leve kanpe barikad
Tounen pilbowo, kònen lanbi
Desann gonayiv, rive machan
Rasanble moun yo tirivyè
Degrennen moun yo lakayè
Traverse lagonav, rele simbi
Fè de bras pou n al grangwav
Ti dife volan, ti dife volan
Mete bèlè sou brenzeng li
Reveye lasalin, solèy leve
Kalfou fèy, kalfou kat,
Gonfle midi, pete dezè
Kat pou kenz bay gagann
Sòti rara nan plèn Leyogàn
Sot Mòn tapyon al Tigwav
Miyagwàn, al kalfou deriso
Gaye ansavo, desann Okay
Mwensa rive lazil al wè open
Granrivyè monte, li sot lwen
Sote ponpe, kavayon kanpe
So matirin pou lave je dosou
Ranje kadav la Okoto
Charony lan sòti chadonyè
Jeremi anba falèz, file kòd
Pete zen pestèl lanmè bèl
Lòt bò kenzyèm, janbe benè
Marigo kay jakmèl, lavale
Soule detounen moun kòdfè
Kote ti ason, li la wi papa
Di fanm chwal dantò a
Tout pryè gen ayibobo
Ki pryè wi papa
Jwèt rèd prenn fè pa
Wi papa, wi papa, wi pa.
Pran makout ti ason an
Dechire l pak an pak
Karako ble l fè twòkèt li
Chay sot sou tèt sou zèpòl
Li li tonbe tande ti ason
Wi apa, wi papa, wi pa
Kaprouj, tèryerouj ti wouj
Lili, twoubouden, nou mele
Fanmpadra, kenbe kè n ap rive
Koukouwouy, sentelèn, raboto
Fresino, fisi montaynwa monntana
Kanperen kwadepre boutilye
Mòlsennikola, mònlasèl, tyòt ansapit
Gantye, granbwa, piyon dondon
Latalay, senrafayèl, manmlad
Bare an wo, bare an ba
Rele chalbari, mi wo, mi ba
Pote kòd mare yo, de bèf tonbe
Nan pwen kase fèy kouvri sa
Chanpwèl nan lari, zobob nan lari
Manman piti sere senti, kenbe kè
Youn pou youn, gwo dyab manje ti dyab
Fè koupe fè machòkèt pa ka pa viv
Wè pa wè antèman an pou senkè
Mayigate kadav gate maryay gate
Zo reken grye, tèt bèf kankannen
Lekòl lage piyay louvri, chwal kase chenn
Kabrit tomazo, menm plim menm plimay
Andewò tounen lavil, lavil tounen andèwò
Doulè yon fanm se doulè tout fanm
Ganmèl al kay kiyè, kiyè al kay ganmèl
Grimèl azizwèl, sodòm ak gomò
Venteyen, tranteyen, se menm tenyen an.
Hermann Cebert
En savoir plus sur Le Vrai Discours Actuel de Hermann Cebert
Abonnez-vous pour recevoir les derniers articles par e-mail.