Kiskeya, peyi mòn ak dèyè mòn
Radyo dyòl ak grenn pwomennen
Zile fanm ak fanm vanyan
Anakawona fanm kouray
Depi nan mitan ayiti
mayi a te jèmen
soti lòt bò dlo
tounen lakay se la l pran plim
konpetans ak konviksyon
wè lwen ak respè
se kat poto pou bati lakay
dekòde lage libere
18 rekòt kafe yon jenn fanm
yon bèl fanm, de potorik gason
di w te konn di, tande m te konn tande
jodi a w ap di, toujou di, men m ap wè ak tande
Depi bafon filomèn, vòltije nan galèt bouk
pawòl la gaye sentelèn, li koule basen ble
li grenpe mòn karate, li ateri lafòsèt
lè l mate pòtoprens, li bondi lòt bò dlo
s ak pa tande, zòrèy li bouche
Kasayòl di li te di bèf la
loray gwonde, zèklè klere
yon pa kita, yon pa nago
Kiskeya anakawona
pwochen rekòt la se pou fanm nan
Grimèl chode, je klere lang dous la
men dyòb ou kont malfini lakay
M ap tann ou pou listwa vanse
p ap gen moun pou mare moun
ou pa ka kapon fò n vanse
Nou se granmoun fanm nan pa tomoun
Ogou agwe dantò, galri kalfou pa pòt
legba èzili dosou marasa
twa gout dlo, de moso kasav
Dandinen ak kout tafya, men tou pa w.
Yon chapo ba yon ochan pou ou
kiskeya pou laye lakay
dizywit lane 18 rekòt kafe
Bòn fèt kiskeya, kiskeya radyo zile a.
Èmàn Sebè
En savoir plus sur Le Vrai Discours Actuel de Hermann Cebert
Abonnez-vous pour recevoir les derniers articles par e-mail.