
Yo di m se banbòch ak defoulman
Vini vini vini danse
Mizik koulè melanje nan chalè
Soti lakomin rive won pwen
Cha gwo cha bacha pacha anfle kou bèf
mèg lamègzo ap soufle kòn kònen
tanbou twonpèt ak banbou ap pouse son
Frèt kach gita òg ak pyano men mizik bon mizik
Nan mitan grangou ak lamizè
leta ak boujwazi trennen pèp la
tout moun sou de ran ap pran plezi
sou limit reziyasyon kalfou maske lamizè
Nou tout konsène nou tout gen konje
Sa k pwal priye, sa k pwal nan nevèn
Sa k pwal nan retrèt sa k pwal danse
twa jou banbòch, twa jou danje
bann a pye gwoup rara
konpa marye ak rasin siwèl blayi sou rege
tout moun o pa kadanse isit vire lòt bò
gouyad mare bourad isi bourad lòt bò
Pa gen goumen, lese frape
gagann isit gagann lòt bò
degize ak degizman
melanje meleyis ak meleyo
Zòt sou estang gwo pèp pandye
wiski pou ti wouj, tafya pou ti nèg
bon mask kontre ak gwo mas
sekirite pou nèg an wo, kokomakak pou kwabosal
Twa jou banbòch ak gaspiyay,
Twa jou bon jan bese leve
defoulman ak plezi marinen
Nay sou nay pou peye ponya
Poreyòl
En savoir plus sur Le Vrai Discours Actuel de Hermann Cebert
Abonnez-vous pour recevoir les derniers articles par e-mail.