Kanaval Lakay : Seremoni pou maske lamizè


    Yo di m se banbòch ak defoulman Vini vini vini danse Mizik koulè melanje nan chalè Soti lakomin rive won pwen   Cha gwo cha bacha pacha anfle kou bèf mèg lamègzo ap soufle kòn kònen tanbou twonpèt ak banbou ap pouse son Frèt kach gita òg ak pyano men mizik bon mizik     Nan mitan grangou ak lamizè leta ak boujwazi trennen pèp la tout moun sou de ran ap pran plezi sou limit reziyasyon kalfou maske lamizè   Nou tout konsène nou tout gen konje Sa k pwal priye, sa k pwal nan nevèn Sa k pwal nan retrèt sa k pwal danse twa jou banbòch, twa jou danje   bann a pye gwoup rara konpa marye ak rasin siwèl blayi sou rege tout moun o … Continuer de lire Kanaval Lakay : Seremoni pou maske lamizè