Manje lèzany pou Reveyon Nwèl


 

 

Le philosophe éveillé
expérience de la solitude

 

 

 

Konnen m konnen yo la, m pran Konpè lakay la

M rele yo an wo a, kabrit kase kòd, zonbi pran lari

Bon mas marinen ak maskarad sou lali y ap fè grimas

Channmas tankou kwabosal yo di y ap pare nwèl

Zagobizakasa anvan jou leve y a fonn kou mantèg

Konnen m konnen yo la, n a rele pote lanp tèt gridap

degrese sere, lage n a fòse lafòsèt pa p pran pappadap

minit pa minit, segonn pa segonn radyo dyòl gaye nouvèl

Karayib ak kiskeya ranmase fasafas pou rale mennen vini

Kay katon, twèl ak dakoun site letènèl anba tonèl

peyizan prete dèy pou l file lang chat ak ke rat

Konpè Chal sifoke konm si l te espere fè pwèl

Nan mitan chanpwèl se wonsi ki bay kadans

Fyèl ak myèl pa bay te brake, kout pye ak chaplèt

Men sèvis senk zetwal pou souflanntyou ak reskiyè

Makònen dekòde lanbe bòl niche pye

Lanperè disparèt, kabarè divalyevil, sodo pa nan nò

Bòkò abòdyò, chanpwèl al rele lwa nan bitasyon machan

Divinò tonton Nò al pare parenaj nan Karenay

Sent Marimadelèn, gras mari gras sonde jezi pou yo

Mwad Mas fredi a frèt pou pètoprens, yon kout tafya souple

Wowoli simaye, pistach grye reveyon manje lèzany

pintad ak poul pent pou fè manje marasa ak dosou

layite nap ak mouchwa ogou ak èzili freda

Vannen pitimi laye pwa kongo ki moun k ap rele lekba

Kaderik bouyon ganmèl siwo men lespwa tèt mato yon pèp

Hermann Cebert, Poreyòl.


En savoir plus sur Le Vrai Discours Actuel de Hermann Cebert

Abonnez-vous pour recevoir les derniers articles par e-mail.

Votre commentaire

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.