Kote Foul, Bann, Pakèt Revolisyonè Yo


 

Yon granm maten yon bann nèg leve, rele, kriye, deklare yo se revolisyonè

Yo di n pran fizi, wouzi ak mitrayèt pou n al met deblozay kòm kamoken

mache pran lari pou n al simaye lajistis bay sila yo ki pi pòv nan peyi a

grenadye alaso, sa ki mouri se pèp y ap defann

 

Mwen di tankou loray gwonde, zèklè klere nèg yo deklare yo se revolisyonè

sa k sot kiba, sa k sot moskou, levanjil liberasyon an ap kònen

nan ti legliz se veye yo, monpè marye ak komokyèl pou l gen lajan

se rezon l bay pou l pran tèt revolisyon fè n espere demen miyò

 

Mwen di toupatou nèg yo soti vin ateri an Ayiti peyi bezwen chanje

tonton makout, zenglendo, atache kontre ak militè kazèn kont leyopa

de bò lari revolisyon an boujwa kanpe pou finanse melimelo ti nèg tèt grenn

yonn kont lòt, pawòl ak diskou wouj pi wouj pase san nèg vèse diran lakoloni

 

Depi vennsenkan ti nèg lasalin, kwabosal ak nan tokyo pran pouvwa

ak misyon misyon pou chanje yon peyi, gwo diskou timtim bwa chèch

wòch nan dlo pou konn doulè wòch nan solèy pandan pòch yo ap ranpli

tanpri souple di m siyati ak rasin manman pouvwa k ap mache pye atè nan palè

 

Ògèy, jalouzi ak ipokrizi tounen lwa pou danse nan tèt tinèg vòltije sou tèt poto sanfil

anwo l te gen tan ye, anlè l t ap gade n anba nou pa krabè l se moun raboto ak masira

ba yo manje pandan kou aloufa y ap gonfle pans yo nan non revolisyon ak chanjman

ale vini, retounen ale tounen si w nèg serye, di m depi toutan ki sa w regle

 

Mwen di se yon voum, yon bann ak yon latrye ki te di yo se revolisyonè

ni deyò ni anndan jounen an m ap cheche yo pèsonn pa met tèt deyò

demen y a bann madanm, pi ta y a bann pitit bofis, neve bèlmè ak latriye

kòm ki dire, revolisyon se nan san l trape si papa te tig pitit se tig sa se vèsè pou n site

 

Jodi si nou pran nan kou, sa vle di sa k te gen pouvwa pa t deside

genyen k te sou kou kochon sa k te deyò pa t vle sipòte menm yon jèn yo te konnen

alyans viza ak rezidans, lese pase pou lafanmi vwala konplo ti nèg konplote

jounen jodi tankou li te di l mayi a mi fòk nou koumanse mete men

 

Si tisimòn ak mariwòz di yo pa p separe, fòk sa ta fè n plezi si n te revolisyonè

bare an wo, bare an ba rasanble lakou mache toupatou nan tout lakou

mete kanpe strikti ak òganizasyon bon kominikasyon pou gaye nouvèl

inite ak aksyon fòs pèp ak zouti pèp paske pwojè aktyèl se mare ti nèg fout li anba kòd

 

Divinò deja tire kat, demen se gwo lalin chanpwèl ak zobop ap pran lari

gangan ak malfektè pwal tire frèt kach rat pa kaka  se pa listwa se peripesi site solèy

bòt desandye ak salopa deja pase sou zantray nan blakawout pase men pa defo

Pa di m manti si m di w ou pa t gen konviksyon, li klè kay la pa gen revolisyonè.

 

Hermann Cebert

 


En savoir plus sur Le Vrai Discours Actuel de Hermann Cebert

Abonnez-vous pour recevoir les derniers articles par e-mail.

Votre commentaire

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.