Nou rele lwa l nou rele lwa n
Nou mande bitasyon l pasaj
Nou mande bitasyon n pasaj
Rele chalbari dèyè bouboul
Yon leson gratis pou bouboul
Tire kout kat, kout kat kay divinò
Son devan boul la nan non fanmi l
Nouyòk, Noujèze kabayòs son final
Nou deja konnen nou pa t vin dire
Se pase n ap pase, zèv n ap fè refè
Sèvis sekrè, sekrè sèvis li gaye la a
L ap kòmande mèsenè vin touye n
Si n mouri y a voye di n
Pou pa gen dout ak manti
Se sèl bouboul ki vle lanmò n
Li pwente dwèt jida l sou nou
Yo te di m g on lespri k abite w
Mwen te di se pa vre li pa nan sa
Manman poul te vle denonse w
Mwen te di se pa vre se pa konsa
Tire kat pou bouboul ki pèdi fèy
Yon kout kat pou tire kat tafya
Sekrè pa w di sekrè pa m bò isit
W ap chache m, ou anvi wè m
Tire kat pou bouboul ka wè kle
Lespri kriminèl ki sele l je klere
Li bliye chans yo ba l pou l fin vi l alez
Li lage kou chase k al deye malfini
Sekre pa w di Sekre pa m yo lage w
Bagay yo fini ti bway yo vle yon nouvèl òd
Ekip pa w la bay twòp pwoblem lotbò a
Sa k pi rèd la nou wè w k ap vire fou
Yon kout kat pou bouboul
Bouldimas ak maklouklou l
K ap gonfle midi, pete de zè
Li lage l pou l voye touye m
Sa m di, sa m te di, se sa yo te di m di
Boul bòlèt wonga, se malatyong
Machann radòt mache seradòt
Pa fè m fache lwa k ap pran mwen
Ou kase ze ou semante sou vi w
Pinga seren pou tafyate anba zong
Pwazon kache pawol vetye se inite
Se raliman pou gwo palto senyen n
Samdi dimanch ki jou w chwazi pou sa
Ou di bawon de pye devan dozado l ye
Pou ou lanfe pou mwen lesyel ak paradi
Sa k rete se li k soufri le mo pa soufri
Gen yon pawol ki sot ginen sa se pwomes
Ti bway di l moun nouyok l ap twoke djeze
Lod li pase rive isit alo m di tout tou kle la a
Kom w ap chache m lavi m nan men Legba
Se pou non Bondye m triyonfe
Se pou wayom li a jwenn lwanj
Pa gen okenn bondye pase l
Bondye m nan sel Bondye!
Se pou sa toujou ki sa!
Ayibobo pou Pisans ou
Ayibobo pou tout fos ou
Viv Bondye m ki se sel Chef
Hermann Cebert
29 Oktob 2022, 1e 07