Jou m gen lwa


Jou m gen lwa, Jou m gen lwa

Se jou m kontre Bondye m

Se jou Bondye desann sou tè a

Pa chache m, mwen pa moun isit

Pa mande m, mwen pa konn anyen

Se wè mwen wè m isit O ! O! O!

Pa konnen pa ale lajistis

Jou m gen lwa, Jou m gen lwa

Se jou m kontre Bondye m

Se jou Bondye desann sou tè a

Se nyaj mwen travèse

Se zètwèl ki mennen m vini

Loray kale m, zèklè klere m

Divinò ranmase m pote vini

Jou m gen lwa

Se jou m kontre Bondye

Se jou pwomès Bondye

Pa rele ti gason

Pa kriye ti ason

Manman w pote w sou do l

Ou pa ka tonbe

Papa w pote w sou do l

Ou pa ka blese

Jou m gen lwa, Jou m gen lwa

Se jou m kontre Bondye m

Se jou Bondye desann sou tè a

Mwen di, tande non:

Jou m gen lwa

Se jou m kontre bondye m

Se jou Bondye sou tè a

Jou m gen lwa, Jou m gen lwa

Se jou m kontre Bondye m

Se jou Bondye desann sou tè a

Anyen pa manke w ti gason

Se bondye ki ba w ti gason

Zanj pa w ki sèkle w

Bizango pa ka fè w grimas

Pouki w ap kriye ti gason?

Jou m gen lwa, Jou m gen lwa

Se jou m kontre Bondye m

Se jou Bondye desann sou tè a

Mwen di jou m gen lwa

Se jou m kontre Bondye

Jou m gen lwa

Konnen bondye sou tè a

Si w bezwen konnen

Pwofite pou konnen

Si w nan bezwen

Pwofite mande

Si w ap chache

Mande ki kote

Jou m gen lwa, Jou m gen lwa

Se jou m kontre Bondye m

Se jou Bondye desann sou tè a

Mèt kay o! o! o!

Louvri baryè ban m antre

Wouze lakou met lafrechè

Sèvi Legba, mwen rantre

Sèvitè o! o! o!

Jou m gen lwa, Jou m gen lwa

Se jou m kontre Bondye m

Bondye deja sou tè a

Jou m gen lwa, Jou m gen lwa

Se jou Bondye li ye tonnè!

Un chant que chantait ma grand-mère

Hermann Cebert

Votre commentaire

Choisissez une méthode de connexion pour poster votre commentaire:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.