Nou rele w Legba,
Tande n Papa
Tande vwa n
Papa Legba
Devan,
Dèyè,
Lèzòm kanpe
Yo sou brenzeng yo
Yo rasanble tèt yo ansanm
Yo ini fòs ak pouvwa yo
Pou yo fè n lagè
San n pa fè yo anyen
Nou rele w Legba
Tande n
Tande vwa n
Tande rèl nou
Gade traka n
Gade tray nou
Wè mechanste
lèzòm ap fè n
Jan yo kokobe n
Jan y ap fè konplo
Jan y ap chache divize n
Pandan y ap volè n sa n genyen
Ti kichòy ou sere pou nou yo
Legba papa Bondye n
Gen sa ki rele w Bondye,
Gen lòt ki rele w Ala,
Gen kèk ki rele w Jova,
E gen lòt ankò
Ki rele w Yave ak Letènel
Nan male nou ye
San n y ap vèse
Dlo k ap kouri nan je n
Grangou k ap toufounen n
Toupizi y ap toupizi n
Soufri n ap soufri
Kriye n ap kriye
Twòp pou nou n ap di w
Tanpri souple Legba
Panche zòrèy ou
Tande n papa
Se ou menm nou genyen
Nou pa konn okenn lot sekou
Ki ka vin sove n
Se nan Vre Non W nou rele W
Bon jan non W papa, Legba!
Legba, Papa, Bondye,
Gran Met pa nou an
Se Ou sel ki Bondye,
Sel vre Bondye tout bon an
Soti je W nan nyay yo
Pou ka wè nou menm pitit Ou
Papa Legba,
Bondye ki Bondye nou an
Ou menm,
Ki gen pi gwo pouvwa a
Pouvwa ki pouvwa,
Pouvwa sa ki byen yo
Ak pouvwa sa ki mal yo
Sou tout sa ki ekziste
Sou tè a e nan syèl ou yo
Se pou desann sou tè a,
Kote n ap viv koulye a
Papa Legba gran Met nou an,
Se pou w vin kase
Pisans mechan yo:
Sa yo nou te bay lavi yo
Lo pesonn pa t vle yo
Sa nou akeyi zansèt yo
Le yo te nan mawon
Sa nou te ede yo
Jounen jodi a
K ap brase peyi n yo
K ap fè koule san n yo
Sa k ap touye frè ak sè n
Sa ki ap toupizi peyi n
Sa yo ki kwè yo fo pase n
Ki pa vle n vanse yo
Tout moun ak tout peyi
K ap konplote nan do n yo
Pou nou toujou ret bèk atè
Papa Legba,
Ou menm ki Bondye
Bondye tout bon an
Pa p janm gen lòt bondye
Ki ka sanble ave w.
Se pou brase latè:
Kote ènmi n yo ap viv yo
Se pou kay yo tranble
jis yo disparèt sou tè a
Legba papa, ou menm
Ki fè loray gwonde
Ou menm ki fe zèkle klere,
Se pou zèkle brile yo.
Ou menm ki fè lapli tonbe,
Se pou dlo devaste yo
Konsa,
W a bwase trip yo,
Wa brase lespri yo
Wa toumante nanm yo
Jouk yo pran konsyans
Se ou menm sèl
Ki se sèl bondye tout bon an
Ayibobo pou pou non W
Ayibobo pou Wayom Ou
Pou toutan k ap gen tan
Legba,
Bondye ki bondye
Tout lòt bondye yo
Se ou ki pi fò
Se Ou ki pi gran
Se Ou sèl ki gen pouvwa
Apre w
Pa gen lòt Bondye
Ki ka pi gwo Bondye
Pase w Papa Legba
Ou menm ki kreye
Syèl la
Ak tè a,
Se Ou ki chèf
Se sèl Ou menm ki kòmandè:
Nou rele W,
Jodi a
E kounye a
Sòti nan silans Ou,
Sòti nan kachèt Ou ye a
Mache we n
Kontre avè n,
Pase pran n
Vin batay bo kote n
Nou nan konba
konba pa w la
Konba Ou chwazi pou nou an
Legba Bondye Papa n,
Se Ou sel ki bay pasaj
Nan Non W
Nou rele
Lespri zansèt nou yo
Nou rele
Simbi nan dlo
Papa loko
Nou rele
Grann Kitann
Ogou Feray
Gede Ibo
Bawon Sanmdi
Nous rele
Mèt kalfou
Marasa de
Marasa twa
Marasa kat ak sèt
Pou yo vin ede n
Nan konba n ye
Legba Papa
Se pou lespri Dantò desann
Se pou lespri Freda desann
Se pou Petro desann
Se pou Agwe desann
Se pou Danbala Desann
Se pou Agwe vini
Fok chanpwel pran lari
Se pou Ayida djyayi
Se pou Tijan kanpe
Se pou Chango limen
Se pou bizango doubout
Se pou Makandal tounen
Se pou Boukman vini
Se pou Tousen re parèt
Se pou Kristòf fòtifye n
Se pou Desalin jwenn assassen l yo
Papa legba
Nou rele lespri n,
Nou kòmande fòs nou
Pou yo vin batay bò kòte n
Pou kwape enmi n
Nou rele WLegba,
Tande n,
Tande vwa n
Jodi a
Nou rele W Legba
Ou wè vi n an danje
Vwa soufrans nou
Nou depoze l devan w papa
Nan rèl nou,
Tande soufrans pèp ou a
K ap rele W
Vini vit Papa
Vin pote sekou w
Nou pa ka tann ankò
Nan Non zansèt nou yo
Se pou Ayiti
Retounen Peyi n
Se pou chak Ayisyen
Retounen Lib e libè
Se pou peyi n pwogrese
Pou chak Ayisyen viv alèz
Se pou tou moun Nwa lib
Toupatou kote yo ye a
Se pou yo pwogrese
Se pou yo devlope
Se pou yo toujou pi entelijan
Se pou peyi yo ye yo devlope
Se pou yo pran posesyon tout latè a
Mèsi papa Legba
Gras ak èd nou
N ap tabli wayom ou a
Sou tè a ak toupatou li nesesè
Hermann Cebert
Vous devez être connecté pour poster un commentaire.