ase fout tonnè!


Bandi legal debake sanzave pran pouvwa

Kalvè traka pèp la koumanse gwo boujwa

Dilè dwòg grikiltè dwòg ferandòm sodòm

Tribinal isit bouden lisi militè polisye kouri

Mannigèt, dyak sou dyak rache kou poul la

Malè li pote, doulè li pote koute tande l

Fatra l pote, grangou l pote mizè l reve

Dyòl flobop lwil maskriti pen rasi sousou

Moun nan lari sou deran tankou azizwèl

K ap degaje l nan plòtonen deplòtonen

Lajan al bwa chat fatra sou fatra kras sou kras

Lonje manda pouvwa l pòv bidonvil kraze rak

Timoun ap kriye granmoun ap plenyen nan kè

Silans pisans yo ap simaye laperè ak latranblad

Se sa yo rele demokrasi lò leta se sèl konplis

Politisyen kou aganman desann kanson lakay

Gang gangstè kidnapè bal pèpè ap gaye zam

Jenèf, babekyou, tilapli, kris otè malpwòpte

Pwofèt lanmo, blayi laterè malere ap soufri

Dekilakyèl komokyèl sanzave yo di yo se lidè

Se nan fanmi ak vye zanmi pwobèm yo ye,

Yonn rayi lòt, yonn vle bay lòt pwen l yo ye

Men jou n met pye n nan dlo, pwal gen rèl

Jou n janbe lari n met men nan sa va fini

Mari madanm pitit sè frè kouzen kouzin yo

Nouvèl la blayi anvan solèy la te gen tan leve

Lanp tèt gridap te limen, je drandran pa t lave

Yo di, gangan ki ba yo pwen pou yo gen lajan

Y ap Tire kat, rele lwa vèse san lagè deklare

Eskonbrit, deblozay mizè blayi kou sou kou

Pran pwen vòlò, pwen zagribay pwen awousa

Pantalèt kòd, bouda chire pye atè se li sa

Pye atè zèl sapat, chemiz sire, sal kou peny ti dan

Yo fè sekwe ason pou envoke lèmò rale lajan lèzòt

Sa se listwa yon zanmi, bon zanmi menm fanmi

Vye frè, vye Sè, Kouzen, Kouzin pa n yo se menm

Bòpè, bèlmè, Bòfrè, Bèlsè ap simaye kolik cham

Pi bonè, se granm maten pèpè fè kenken lakay

Y a sispann fè malfektè nan sispann pran pwen

Kilè yo va sòti deyò, demele gèt yo chache travay

Nou di y a ranmase pwen pote nouvèl papa loko

Sa ki konsènen y a ouze lakou ak dlo pise afetida

Nou di twa priz tè, rele koukouwouj a midi sonan

Pwen yo an n ap desounen pak an pak ak lapriyè

Piske yo di n met pye n nan dlo pou n chase yo

Lòtbò lantouray yo fè loray gwonde bri kouri

Yo fè Latè tranble timoun yo rele grandèt ale

Kabrit pete kòd, wowoli simaye pou bare mò

li lè, li tan pou sa fini gras mari gras yon priyè

Kouzen zaka nègès ibo k ap mal viv rele Legba

Vye frè, vye Sè, Kouzen, Kouzin yo

Bòpè, bèlmè, Bòfrè, Bèlsè travay adye

Yo di ou pran pwen pou rale lajan m

Chat konnen rat konnen tout ap rete la

De pye devan tèt sèkey la nan men m

Bay manman w detounen frè w adye

Sak sot sou tèt sou zepòl l ap tonbe

Dyab pou dyab pòv dyab kalfou twa

Marasa li marasa, dosou l pou l sou

Ti chwal granbwa je pete kreve l ye

Ase, ase, ase fout tonnè boule m di

lafanmi voye gaye twa fwa twa l ye

Nou pa gen ke nou janbe n dife atò

Sa k dwe tonbe y a gen pou yo tonbe

Pa gen pouvwa devan lakwa listwa

Di yo di m nouvèl mwen pote souple

M pa voye dlo, m pa mouye pèsonn

Sa k pou di a fòk li di je nan je an fas

je nan je je kale nan je n a twoke kòn

Fòk latè tranble, loray gwonde milòm

Twòp pou twòp twòp bouki ki di l ap redi

Grann kitann pou grann sentàn y sezi wè

Tann kabann anvan dòmi pote y ale lòtbò

Se nan dòmi yo sele chwal ki voye pye

Sa ki nan pòch ou a se li ki rale chans bòkò

Baton ki bat ti chen an li k ap bat gwo a

Sa w plante se sa w dwe rekòlte demen

Pa gen koze kremòl ginen m ye frè m

Kat pat atè bèl cheval m di w pi devan

Legba m mande pasaj Ogou di w lagè

kalfou bay chimen pote kòd mare zonbi

Hermann Cebert