Jherry le Combattant: YON MINIT KONSYANS


Ou te abite nan geto a tou,
Ou se pitit sòyèt tou,
Ou konnen kisa ki rele bwè dlo lapli,
Ou konnen sa sa vle di dòmi anba bri katouch
Ou konn pa dòmi paske vwazin yo ap di betiz,
Ou viv sa yo rele lè lapli tonbe zòn nan neye.
Ou grandi nan marinad, pen a manba tou,
Se kafe, wayal, aleken, pate ki nouri w tou.
Ou mete pèpè, ou mache pye atè tou.

Bon chans pou ou, paran w redi mete w nan yon kolèj pou fè edikasyon w, yo te konn voye w tounen pou kòb lekòl menm jan ak tout pitit malere.

Ou konnen kisa yo rele al lekòl san manje epi retounen vin kouche sou vant. Ou konnen ki presyon ki genyen lè yo kenbe fich egzamen ofisyèl ou pou kòb. Kòm se nan lise ou fini etid ou, Ou konnen kisa yo rele swiv kou tou kanpe.

Ou wè kote pwofesè fè tout yon ane li pa vin fè kou ditou.Grangou, razè, touni, feblès, malad pa ka ale lopital, ou viv tout. Se nan lanmè ou te konn twalèt tou.

Kòm ou se yon moun entelijan depi nan 4èm ou kòmanse bay leson pou ti kòb ou. Kòm ou renmen lavi, ou renmen spò, ou toujou ap òganize ti chanpyona nan katye w. Kòm ou se yon entèlektyèl ou toujou ap fè ti seminè fòmasyon nan zòn nan, ou gen ti asosyasyon wap dirije.

Nan goumen ou fè yon ti pwojè bale lari pou 100 goud pa jou antre nan zòn nan. Ou plen ekip nan men w, ou bay travay epi depi lè sa ou popilè. Nan pwochèn eleksyon ou chache youn nan swadizan pati politik yo ou antre, ou chache kòb enskripsyon nan men kèk zago loray. Ou mete tout ti jèn yo avè w.

Kòm ou se pitit komin nan, ou se pwodwi zòn nan, ou konnen tout pwoblèm yo, ou jwe sou mizè moun yo ak enbesilite yo, ou pran konfyans yo, ou di :
– wap ranje pon ki kraze a
– wap bay tout ti jèn yo travay
– wap mete dlo, twalèt, kouran
– wap ranje tranfòmatè
– wap vini ak kredi pou yo fè komès
– wap vini ak lwa pou vann yo kay
– wap ba yo plan, ponp, angrè, wou, traktè, semans ets…
– wap mete yo nan lapolis
– wap peye fakilte pou yo
Ou fè anpil pwomès jis yo mete w depite.

KEP vle vòlè eleksyon w lan, men yo bloke zòn pou ou, yo goumen yo mete w chèf.

Ou depite kounya, avan ou prete sèman premye gwo aksyon ou poze :
– ou jete tout ansyen kostim ou te genyen
– ou chanje nimewo telefòn ou
– ou tonbe fè rankont ak tout boujwa ki gen enterè yo nan palman an.

Kòm politik an Ayiti se yon antrepriz, ou depite, nan mwens ke yon mwa fonksyon leta baw machin, kòb kay, sekirite, kat telefòn, gaz ets… Donk ou grannèg nan 2 jou.

Ak kòb yo te peye w anva tab pou w ratifye minis la ou voye retire manman w nan geto a ou achte kay pou li laboul, wap tann aprè 1 an ap fè bras pou w voye l pati ak tout madanm ou.

Nan sèlman ou pa janm ale nan zòn ou an, men ou bliye l tou paske kounya se yon kesyon de ti pwojè wap jere, plas nan ministè, plas direktè jeneral pou zanmi w, wap antre nan komisyon sou komisyon.

Lè gen kèk pwòch ou ki al siveye w bò palman ki bò pil kaka kwabosal yo, ou ba yo kèk biyè mil goud. Ou di yo wap rive sou yo.
– kòb fèt chanpèt ou kenbe l
– kòb fen ane ou kenbe l
– kòb fèt pak ou kenbe l
– kòb antre eskolè ou kenbe l
– wap vote pou kòb
– ou pap vote lwa
– ou pap veye gagòt
– ou pap defann zòn ou

Wout ou te konn pase pou al lekòl la RANJE ?
Moun ki te vote w yo MANJE ?
Kondisyon sanitè zòn ou an CHANJE ?
Jèn ki pa al lekòl yo pa reprezante yon DANJE?

Kote pwomès yo ?

Fransè mawon kòlèg ou yo, deba initil yo, goumen pou kòb yo fè vant ou monte men wotè. Sak pi tris la ou jwenn jounalis, atis, sitwayen ki pran nou pou moun, alò Fòk se Jherry le combattant ki pou di yo nou se yon pakèt malpwòpte et que enstitisyon pa fèt san moun, moun ki ladan l yo pa fin moun, palman an se yon kalòj rat, tenten sa lè pou kraze.