note de presse du sénateur patrice Dumont sur la crise d’Haïti selon ce qui a été discuté à l’ambassade américaine de port-au-prince/ Patrice Dumont , 24 jen 2019 nòt pou laprès


Aprè yon reyinyon mwen te patisipe nan anbasad ameriken vandredi 7 desanm 2018 sou kriz gouvènman Jovenel Moïse te pwovoke nan monte pri gaz la, mwen reponn jodi lendi 24 jen an a yon lòt envitasyon anbasad ameriken an sou kriz sa a ki vinn anvlimen, paske sòti nan dyalòg, nou tonbe jodia nan demisyon Prezidan Moïse san kondisyon.

Alòske nan reyinyon 2018 lan se Senatè Nènèl Cassy, Évalière Beauplan, Ronald Larèche, ak depite Abel Decollines ki te la, plis mwen menm Senatè Dumont anfas Kenneth Merten ak Anbasadris Michele Sison, jodi a, se te July Chang, Sekretè Deta adjwen pou zafè Emisfè Wès nan Depatman Deta ak Anbasadris Michele Sison ki te envite mwenmenm ak 4 lòt responsab ayisyen : 2 majistra ayisyen, sekretè jeneral yon pati politik ak ayisyen Senatè Yvon Feuillé.

Mwen di nan reyinyon an men poukisa fòk Jovenel Moïse bay demisyon l:
– Pi fò moun vinn pi pòv akòz koripsyon ; 
– Gouvènman an pa kontwole fwontyè paske l vle bay kontrebann ak trafik dwòg avantaj ; 
– Depi lè Jovenel Moïse te kandida, lajistis te enkilpe l pou blanchiman lajan ; 
– Prezidan an enplike nan skandal petwokaribe : tou 3 rapò Leta yo mete non l pami moun ki fè ekzaksyon nan lajan an ; 
– Prezidan an te fè kòmsi li pa konnen yo te vòlè lajan petwokaribe a ; apresa li voye tò sou lòt moun, alòske li klè ke krim lan fèt ; 
– Prezidan an ak madanm li met tèt yo ansanm pou yo fè Leta abi nan zafè Dèmalòg la kote gen yon lajan kat idanifikasyon nasyonal 27 milyon dola Leta ap depanse mal ; 
– Prezidan an bay tèt li tit enjenyè ki pa vre ditou lè pou l te jwenn kontra avèk Leta ; 
– Prezidan an òganize vyolasyon teritwa nasyonal la, konsa li mete ensekirite piblik la andanje lè l fè mèsenè antre nan peyi a san paspò ; 
– Minis jistis la, Misye Roudy Aly, rache etranje ame sa yo nan men Lapolis ki te arete yo avèk konsyans, kouraj,tankou pwofesyonèl ki se bon patriyòt tou. Sou lòd Prezidan an Misye Aly te remèt Anbasadriz amerikèn nan mesenè yo, akonpanye yo ayewopò tankou se te ofisyèl move moun sa yo te ye ; 


– Depi Prezidan an te vle remete Misye Aly Minis Jistis ankò, se prèv li te òganize vyolasyon teritwa a, epi li mete l ankwa devan lajistis ; 
– Prezidan an ak madanm li gen bèl relasyon ak gang ame ; 
– Masak Lasalin lan (26 kadav) se zèv òmdemen gouvènman an.

Epi mwen di Madan Chang, an prazans tout moun ki te envite yo, akòz koripsyon an Jovenel Moïse pa ka fè anyen pou ki ta fè pèp la repran n konfyans nan li. Epi moun ki abitye bay mantò ap kontinye bay mantò.

Mwen di emisè ameriken an kriz sa a se yon okazyon pou kominote entènasyonal la pote kole ak pèp ayisyen an pou l dechouke koripsyon , oblije moun ki vòlè lajan Leta fè penitans . Kriz la se okazyon pou nou fè yon lòt dil ak tèt nou , yon lòt dil avèk kò gwoup la, Ameriken yo spesyalman , yon dil ant zanmi ki bon zanmi kont vòlò ak touye moun, kidonk yon dil pou bonè pèp ayisyen an ki te kòmanse 6, 7, 8 jiyè 2018 la, yon dil ki rive nan yon kafou enpòtan kote l ap tann solidarite zanmi, bon zanmi etranje yo.


Patrice DUMONT
Senatè peyi a »