LA VI SE YON GWO AVANTI: in Haitian Creole Written by: Jhonny Victor 06/08/2019


Li difisil pou m kanpe
Epi, pou m wè m ap pase.
Yon lòt moun, ka pi byen admire m 
Ke jan m ta ka admire tèt an m.
Yon moun ki di li se kinan m,
Ki vle nou fè yon chimen ansanm,
Ka Dekòtike tout andan m
Pi byen ke mwen ak pwòp san m.

Sa m ta ka pa renmen nan kò m
Poutan, gendwa se bagay sa ki fè 
Yon lòt fou pou mwen san senk Kòb
Aksepte tèt mwen ka fè yon lòt avè m fyè

Se yon chay lakontantman,
Lè yon lòt wè Bote m,
Malgre feblès an m, yo aksepte m.
M pran nòt lè yon lòt gen kouraj.
Depi n kòmanse, nou jwe kat sou tab:
Youn di lòt verite menm si deja,
Yo konnen m ka sote ponpe, 
Menmsi m ta kraze brize 
Ak senserite nou eseye rive korije
Sa nou ka korije…

Lavi se yon avanti 
Ki ka mennen nou kote nou pa si!
Chak moun gen yon nati, 
Ki pwòp a yo, men m san manti
Ki tou ka pa kab janm soti.

Ki sa ki pi bèl lè nou alèz!
Ki sak pi lib ke viv san n pa pè!
Chak fwa nou viv an kachèt,
Li fè nou pa viv lib e libè.
Lè n aji vrè nou parèt bèl, 
Nou viv ak konsyans nou an pè.

Verite pa dwe bay ak arogans 
Men, verite dwe bay san mannigans! 
Chak fwa yon verite kache,
Lap oblije kache yon lòt verite, 
Se Yon espiral san fin
Kap makònnen nan zantray konfyans
Ki ap detripe tout konfidans.

Prezidan Mantè,
Palmantè Mantè,
Jij Mantè,
Politisyen Mantè,
Papa Mantè,
Manman Mantè!
Sè Mantè, 
Frè Mantè,
Tout Moun Sou Kou. 
Sou Pretex Fòk Yo Siviv, 
Bagay yo di, yo di pa gen Chwa…

Konsyans nou sèl Ki ka retire n
nan salte sa nap viv la,
Paskel kòmanse depi 
nan fòmasyon fanmi ak lekòl nou tout.

Fòk Nou Jwen Kòb La !!!!

Jhonny Victor 06/08/2019

JV🎸