Rele chal bari,
rele koukou wouj
Bat tanbou,
roule tanbou
Kònnen twonpèt
Bat kata ak banbou,
Chante gras
Gras mari gras
Yon lwijan Boje
ki di l pa pa mache
Jovnèl moyiz pwal bwa chat
Kanpe barikad,
kalonnen wòch,
Pèp vanyan nan lari
Manman pitit mare senti
Pèp ayisyen pa
Janm pèdi batay
Wè pa wè,
Antèman pou senk è
Wè pa wè fok l ale
Sa a se istwa lakay,
Mawonay tan lakoloni
Yon kouch dlo frèt,
yon kouch dlo cho
Rèl anwo, rèl anba,
Kadav la gate-pouri
Anvan l twò ta,
Anvan solèy kouche
Anvan lalin leve
Pye kout pran devan,
Janm sa l te manje l pa t bay
Lasanble rele,
vwazinay pote sekou
Doulè youn, se doulè lòt
eskonbrit gaye
Van pote vwa n ale
Papa loko pote nouvel ale
Yon makak ki di l di
Di kou ke makak
Prezidan, laprezidans di
L ap kanpe kin, kin alaganach,
Anwo pa monte, anba pa desann
Peyi isit, peyi lakay
Tout pèp sou de ran
Bri kouri, nouvel gaye
Kote manman Jovnèl
Kote papa Jovnèl
Vin retire lobey la nen n
Rele pè savann
Pè bawon, bawon samdi
Bobiskoum bobiskoumo
Amèn!!!
Move zespri, move zanj
Satan jerenos malpouwont
Zanj chanpwèl,
Yon priyè pou envoke lè sen
Sen de gout ak degoutans
Al kali twa degre
wonm afetida
Yon gòdèt pise rasi
Bale nèf, twèl kay
Tòchon chodye
Twòkèt chay
baboukèt panyòl tonbe
De pye devan, de pye dèyè
anvan l twò ta, chape poul ou
Pa gen wout pa bwa,
wè pa wè antèman pou senk è
Hermann Cebert
Vous devez être connecté pour poster un commentaire.