Nou menm an Ayiti
Premye pèp nwè Ki vin lib
Nou danse Petro men pa ak kolon
Pou libète nou se chanpyon
Zansèt Nou Te bann libète
Kolon yo vle fòsenn pale franse
Men se kreyòl ki lang nou poun pale
Anpil nan nou lib men esklav mantal
Nap batay pou kreyòl pot la viktwa
Investi nan kreyòl lèn jwen kob petro a
Nap chante kreyòl Nap danse Petro
Jou a Rive poun al nan bizango
Jouk Nou antre nan latya yo
Tout sila ki pat pè foure dwèt
Men longè nan Ti Sè
Jou a rive poun kwape tout sanginè
Premye Novanm kay lamèsi
Nou pral gratew kochon tou anvi
Ak yon lwa Gede Nou pwal dyayi
Pou nou foure piman
Andidan tout san manman
Fè yo Gouye san pantalèt san kalson
Jouk yo pise tout lajan nansyon
Bann san konsyans fok nou sispan
Li tan pou pèp la sot nan soufrans…
JV🎸
PWEZI Nan Okazyon Jounen Mondyal Lang Kreyòl , jou lè Mò, Ak Batay Pou Jwen Kob Petwo karibe:
JHONNY VICTOR :::::: 10/28/2018
Vous devez être connecté pour poster un commentaire.