Senkan deja Senkan grenn Senk, Kwi w nan men w sou do n


Senkan deja Senkan anba grenn Senk,

Je wouj, je blan, je vèt, je nwè, je jòn

rat ke rat kokorat dyak sou dyak

kaka chat tèt chat chanpwèl lage 

 

Filemon filiyis fann fwa m fann kè

fouye defounen m lage m frennen

Kwi w nan men w kwi w sou do n,

kwi w nan men w priyè w sou do n

 

Piye piyè piyajè fè sak plen sak

Soule desounen lajan zonbi zonbi

Rele rele chalbari panyen laye wozo

Sele bourik chaje lekba bourik pete

 

Kale tèt tèt kale peze souse rèl

Manje chango lage koukou wouj

Galèt sou galèt voye wòch kache

Men reklam ak piblisite la vi a bèl

 

Tout moun sou ran de ran dan paweze

Griyen dan dans sou dan bon jan van

Kadav la gate rale men men vire tounen

Voum voum totomato machòkèt se chofè

 

Senkan deja Senkan grenn Senk,

Kwi w nan men w kwi w sou do n

Dizèn, santèn, milye va fè va!!!

Milyon Milya dola kenken fonn deja

 

Kwi w nan men w kwi w sou do n

Konpè dyakè, kwapè,  kadejakè

Pastè, monpè woulibè floup floup

vwazen va pete rèl youn pou youn 

 

Senkan goudougoudou lese tras

Zagribay je vèt gaye yo disparèt

pwason kraze nan bouyon yo fonn

Manman pitit mare ren sere dan

 

Ala anpil moun yo te anpil, kote yo

Pa chache yo sou plaj y ap kale gwòg

Kwi yo te nan men yo kwi yo sou do n

Fò n kanpe djanm n a va kwape yo

 

Hermann Cebert

 

Votre commentaire

Choisissez une méthode de connexion pour poster votre commentaire:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.