Discours de démission du premier ministre Laurent S. LAMOTHE


 

Publié le dimanche 14 décembre 2014

 

Pèp Ayisyen,

Mwen vin devan nou jounen jodia ak anpil imilite pou remèsye
nou, pou bèl eksperyans sa a, kote m te gen opòtinite sèvi
nou pandan 31 mwa kòm Premye Minis nou.

Mwen vle remèsye Prezidan an ki te fè m konfyans lè li te chwazi
mwen kòm Premye Minis pou edel reyalize misyon pèp ayisyen
te bali.

Mwen vle remèsye tou tout minis ki nan gouvènman an e ki
akonpanye mwen pandan 31 mwa ki sot pase yo.

Men pi gwo remèsiman se pou popilasyon an, fanm ak gason
vanyan tribò babò ki fè nou konfyans e ba nou tout sipò yo, menm
lè bagay yo difisil. Tout kote nou pase nan peyi a, popilasyon an di
nou mem bagay la… kontinye travay pou nou ka fè Ayiti vanse.

Nou mete nou ansanm pou n te mennen de aksyon ki pat janm fèt
nan peyi a nan 50 dènye lane yo.

Lè nou te deside aji konsa, se paske nou te vle voye yon mesaj
klè bay tout ayisyen alawonnbadè nan lemonn pou leve diyite yo
pou chak grenn ayisyen toujou santi l fyè.

Kidonk Nominasyon m kom premye Minis se dabò konfyans
Prezidan an te fè m pou m pote vizyon l ki se : Fòk Pèp la Jwenn !
Fòk chak timoun al lekòl.

Nominasyon m kòm Premye Minis se konfyans eli pèp la nan
chanm depite ak chanm sena te bay fason m ke m tap pral ateri
nan 5 E (Edikasyon, Economie, Etat de Droit, Environnement
ak Eneji), gran priorite Gouvenmanm nan.

Se sitou, SITOU lanmou pou pèp la, lanmou pou Ayiti cheri ki se
sewòm ki ban m fòs ak kouraj pou travay la jounen kou lan nwit.

Fòk mwen admèt tou ke lè Prezidan an te mande nou pran
responsabilite sa yo, nou te rekonèt ke li ta pral yon kokenn chenn
travay, men an tan ke patriyòt, sèl chwa nou se pou n te di wi.
Nou tout konnen sitiyasyon peyi a tap viv lè sa a. Nou jwenn yon
peyi ki te devaste aprè goudou goudou 2010 la.

Avan menm nou kòmanse, nou jwenn yon peyi ki te deja frape pa
yon sechrès malouk nan depatman nò peyi a e ki te detwi rekòlt
zòn lan. Nou soti nan sechrès nou pran tanpèt Izaak nan mwa
daout e pi nou vin pran siklòn Sandy nan mwa Oktòb ki te detwi
rekòlt ak bèt nan depatman sid ak wès peyi a.

Se nan kontèks sa a ke nou te kòmanse travay la. Men nou ka di
jodi a, aprè 31 mwa rezilta yo la.

Premye devwa nou kòm yon gouvènman responsab se te degaje
nou kon mèt jan jak pou nou ede pèp la ak grangou klowòx ki
frapel la.

MEN SA NOU DI.

Nou te di FOK PEP LA JWENN e nou fè sa nou kapab pou
pèp la jwenn.

Pou soulaje moun ki pi pòv ak vilnerab yo, gouvènman mwen an
kreye pwogram sosyal ki rele EDE PEP, yon visyon ki pat janm
egziste avan. Ki se yon pwogram ki touche plizyè kategori moun,
soti nan fanm, rive nan timoun, pase pa etidyan, andikape,
peyizan.Tout moun ki gen mwens mwayen yo. Tout moun sa yo lòt
gouvènman te blye. Nou jwenn anpil satisfaksyon lè nou wè gen
amelyorasyon lavi sè ak frè nou yo.

Nou kontan men nou pa satisfè lè nou wè ke moun ki nan povrete
ekstrèm desan… li soti de 31 % a 24 % en 2014 gras a travay sa.
Poun ka fè lavi miyò, nou te mete yon komisyon pou pran mezi
pou kenbe pri pwodwi pi ba.
Nou rive kenbe to enflasyon a 5.8 %.

Mwen wè pèp la nan Gouvènman lakay, mwen wè pèp la nan
pwogram Ede PèP.. nou konprann bezwen yo e yo konprann gwo
jefò nap fè menm si mwayen yo fèb. Lè nou pale ak pèp la yo di
nou yo kontan soulajman an men fòk nou fè plis jefò toujou.

Pèp Ayisyen,

Tout fanmi Ayisyen konnen se edikasyon ki pou pèmèt pitit yo gen
yon lavi miyò. Se pou sa ke nou di Fòk chak timoun al lekòl.

Nou pouse pwogam lekòl gratis ki pèmèt nou peye pou 1.4 milyon
pitit pep al lekol e selon dernier rapport UNICEF la nou augmente
taux timoun al lekol de 55% à 90%.

Pèp Ayisyen an,

Map voye yon gwo kout chapo pou chak grenn polisye nan
enstitisyon an.

Sou gouvenman sa a e apre tout jefò sa yo, Ayiti vin youn nan
peyi ki gen plis sekirite nan karayib la.
Sou 15 peyi nan karayib la Ayiti pase an 5kyèm pozisyon daprè
òganizasyon nasyon zini kont kriminalite sou tout fòm.
Se sak fè gen plis envestisman, se sak fè gen plis touris. Nou
diminye kriminalite de 50% pa rapò a 2010. Nou mate kidnaping
la e li bese a 54 %.
Nou redwi kidnapin a 83% de premier semès 2012 a 2014.

Pèp Ayisyen,

Sou kesyon BÒN GOUVENANS. Nou marye batay bòn
gouvènans la ak kreyasyon kondisyon pou envestisman.
Nou mennen batay lit kont koripsyon ak kontrebann pou nou
pèmèt règ jwèt la menm pou tou biznisman ak pou kès Leta yo
rantre plis kòb pou regle koze pèp la. Ayiti sòti 163zyèm an 2012
poul vini 161 en 2014.

Peyi a fè menm pwogrè a nan libète lapawòl. Sa ki bay plis moun
lakay ak lòtbò konfyans nan Leta a ak nan peyi a an jeneral.

Lè nou pale ak pèp la yo di nou yo fòk mete lòd pou ti moun ka al
lekòl, gran moun ka al travay, investisè ak touris ka antre, fanmi
nou yo nan dyaspora a ka vin poze lakay yo.

Pèp Ayisyen,

Nou konnen pou peyi vanse fòk tout moun ka travay. Nou se yon
pèp ki fyè, ki konn travay e ki pa pè travay. Se pou tèt sa ke
Prezidan an avèk mwen fè sa nou konnen pou nou fè envestisè vin nan
peyi a.

Nou travay kou mèt JanJak poun fè envestisè reprann konfyans
nan peyi a. Pandan péryod 2011 ak 2013, envestisman dirèk
etranje nan peyi a ogmante an mwayèn de 54 % pa rapò a 2006-
2010.
Nou wè nouvo lotèl yo, nou wè plis moun kap travay nan sektè
soutretans lan. Envestisè yo vini se akòz yo wè gen amelyorasyon nan fè biznis
an Ayiti. Yo wè ekonomi a ap pran jarèt paske prodiksyon peyi a
ogmante de 4.3 % en 2013.

Pèp ayisyen,

Nan domèn agrikòl, pandan 3 lane nou tire plis pase 500 milyon
dola envestisman prive.

Nou ogmante pwodiksyon agrikòl peyi a an 2013 an mwayèn
30%. Nou kire plis pase 23 rivyè pou pwoteje popilasyon an kont
inondasyon.

Nou siyen plizyè akò komèsyal ak Bahamas, Venezyela pou nou
ka kreye chimen pou ekspòte pwodwi agrikòl nou yo.
Nou kreye kondisyon pou fè agrikilti a vin pi modèn.

Jenès la…..

Nou konstwi plis pase 18 estad pou respekte dwa lwazi jenès la.
Jenès peyi a, Nou ki se avni Peyi a

Nou ki senbolize futu peyi a, avan pasaj mwen nan tèt Gouvèrnman an nou patap Janm ka kwè KE yon jèn gason 39van teka pote gwosè chay travay sa mete
sou do l.
Ke pasaj mwen an sèvi nou de ekzanp kote mwen pete plafon Ki te
mete restriksyon sou fonksyon jènn yo ka ranpli nan peyi a.
Li lè li tan pou nou pran avni nou an men….

Pèp Ayisyen,

Nou REMETE AYITI SOU KAT TOURISTIK ENTENASYONAL.
Kantite moun ki vizite ayiti ogmante 20 % an 2013 epi ak plis
640,000 vizit nan Labadie. Konfyans retabli ant Ayiti ak Gwo
envestisè yo. Envestisman nan lotèl ogmante de 45 %.
Pa gen investisman san ENFRASTRIKTI : Avèk ti mwayen nou
genyen nou fè anpil. Pèp la rele nou Gouvènman
rekonstriksyon an.

Peyi a te atè plat, fòk nou te non sèlman rekonstwi sak te kraze
yo men fòk nou mete peyi a nan yon nivo tankou tout lòt peyi ki an
konpetisyon avèk nou.

Lè nou fè 700 KM wout, reyabilite, konstwi 20 ponts, renove 4
ayewopò, renove e konstwi 2 pò, et 200 enfrastrikti sante, se
pou bay popilasyon an sèvis.

Se pou pèp la ka viv pi byen tou nou kontwi lojman sosyal yo :
Village Lumane Casimir konstwi pou pèp la ka jwenn yon
kote pou dòmi.

Lè nou pale ak pèp la, yo mande fòk nou kreye plis opòtinite pou
jèn yo ka jwenn travay, fòk nou kreye plis lojman sosyal, fòk bati
plis wout, fòk nou fè plis touris vini, mennen plis investisè, jere
kesyon grangou a.

Se pou sa ke prezidan an avèk mwen vwyaje al tout kote, pale ak
tout moun e kreye estrikti isit pou atire envestisè.

Nou tout konnen ke se Devlòpman ak stabilite politik ki pral
pèmèt nou vanse.Kenbe stabilite politik ak developman ekonomi ak sosyal se yon
pari pou n genyen sou plizyè generasyon. Li mande sakrifis ak
kapasite pou n wè pi lwen ke enterè pesonèl nou.

Pèp Ayisyen,

Malgre tout reyalizasyon sa yo, si se sa k kapab debloke kriz politik
la tout bon vre, mwen deside, sou baz atik 165 manman lwa
peyi a, remèt bay Prezidan Martelly demisyon m ak demisyon
tout gouvènman an.

Nou prale.

Nou prale avèk yon santiman ke nou fè tout sa nou kapab pou
peyi a vanse.Pou pèp ayisyen an, mwen di nou mèsi anpil, nou sou kè m.
Mwen pap janm lage nou.

Mwen vle di pou m fini, mèsi ak tout travayè laprès, tout
sendikalis, tout fòs òganize ki pat janm sispann pote kole ak
kòz majorite pèp la.

Nap kontinye.

Je remets ma démission au Président Martelly de la tête du Gouvernement, ensemble, avec la démission de tous les ministres, nous nous en allons avec un sentiment que nous avons fait tout ce que nous étions capable pour le pays.

Je dis merci beaucoup au peuple haïtien, vous êtes dans mon cœur, merci à tous les travailleurs de la presse, tous les syndicalistes, toutes les forces organisées qui n’ont jamais cessé de supporter la cause de la majorité du peuple haïtien.

Mes chers compatriotes,

Je quitte le poste de premier ministre avec le sentiment du
devoir accompli.

Nous avons engagé ce pays dans une dynamique de mutation
profonde et de changement réel au bénéfice de la population.
Aujourd’hui, au moment de refermer ce chapitre important du
quinquennat du President Martelly, nous espérons que de tout
Coeur, ce travail remarquable ne sera pas gâché et que d’autres
grandes réalisations sont à venir pour notre pays.

Je remercie tous ceux et toutes celles qui m’ont accompagné
chaque jour au service d’Haiti, mon pays, et qui ont cru avec moi
en un avenir meilleur.

VIV AYITI !!!

Laurent Salvador LAMOTHE
Samdi 13 desanm 2014

Votre commentaire

Choisissez une méthode de connexion pour poster votre commentaire:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.