Ti Simòn Marye ak Charilis Nan Palè Nasyonal
Timoun yo p ap manje jodi a
Salezon grann simòn yo rasi
De boujon joumou, twa patat pouri
Men resèt pou kenbe kè timoun yo
Yè ayè, anba tonèl doktè fèy la
Ti simòn t al chache pwa ekoni
Pou pare gwo chodyè kòve
Anvan seren lanjelis la tonbe
Anyen pa file nan aswè
Ni mouche ni madanm pa wè
Pèsonn pa jwenn, lafanmi sou deran
Je avèg la klere, de men l pandye
Ti simòn ak charilis marinen byen kòde
Seremoni ak dans lan kòmanse
Maryani dous kontre moutre wa sektanm
Anvan jwèt la vire nan deblozay
Gade an lè, potovi ap simen kòmandman
Koukou ak bayakou pa dòmi lanwit
Koulè koule kle montès tounen sou lotèl
Men kouman nèg vann nanm bay chanpwèl
Hermann Cebert